• Skip to main content
  • Skip to primary sidebar
  • Skip to footer

Mosaic Mennonites

Missional - Intercultural - Formational

  • Akèy
  • Enfòmasyon nou
    • Istwa nou
    • Vizyon & Misyon
    • Anplwaye
    • Komisyon Konsèy yo ak Komite yo
    • Legliz ak Anyè Ministè
    • Bay
    • Lyen Menonit yo
  • Medya
    • Atik yo
    • Lèt pou bay nouvèl
    • Videyo
    • Odyo
  • Resous
    • Misyonèl
    • Entèkiltirèl
    • Fòmèl
    • Jerans
    • Sekirite Legliz la
  • Evènman yo
    • Asanble konferans lan
    • Kalandriye Konferans lan
  • Enstiti Mozayik
  • Kontakte nou
  • 繁體中文 (Chinwa)
  • English (Anglè)
  • Việt Nam (Vietnamiz)
  • Español (Espayol)
  • Indonesia (Indonezyen)
  • Kreol ayisyen

Atik yo

25 jou pou fè devosyon ak fanmi w

November 24, 2020 by Cindy Angela

Fòmasyon sa a se yon aktivite pou lafwa fanmi w epi li distribye istwa Nwèl la rive jiska nesans Jezi nan 25 jou. Yon kat pou chak jou nan mwa desanm lan rive nan jou Nwèl la,Jou fèt Jezi a! Kòm jou Nwèl la ap avanse pi pre, istwa nesans Jezi ap grandi tou.

Download in English | Chinese | Spanish | Bahasa Indonesia | Creole

Men Enstriksyon yo:

  •  Koupe kat yo ki gen vèsè sou yo a epi mete yo nan yon anvlòp. Mete yo nan yon plas kote manm fanmi w ka jwenn yo pou yo li yo chak jou mete yo sou tab kote yap manje. Fè yon fason pou limen bouji epi chante menm chan Nwèl yo chak jou, epi priye ansanm lè ou fi n li kat yo.
  • Wap bezwen koumanse premye Desanm, wap bezwen li yon nouvo kat chak jou. Wap bezwen li kat la ankò ke ou te li nan jou anvan an epi wap li nouvo kat la tou menm jou a. Lè ou fè sa istwa a kapab grandi nan ou pandan wap tann jou Nwèl la. Pandan wap pase vèsè yo yap vi n fè sans pou ou epi manm fanmi w ap kapab resite istwa a san yo pa gade kat la. 
  • Ou kapab sèvi ak kat yo chak ane

Filed Under: Atik yo Tagged With: Youth Ministry

Yon apèl pou pran Lapenn, Repantans, ak Aksyon

June 4, 2020 by Cindy Angela

Nou se nouvo non sa a “Mozayik” men nou antre nan yon defi ak yon imaj ki moutre “ nou” ansanm. Eske moso “mozayik” ka pran lapenn, repanti, lapriyè epi aji ansanm nan fason ki reflete tout kò Kris la? 

Se Bondye ki mete kò a ansanm, pou bay pi gwo onè ak pati sa yo ki manke onè, pou pa gen divisyon nan kò a, men pou tout pati yo kapab gen menm enkyetid youn pou lòt. Si yon pati ap soufri, tout lòt pati yo soufri avèl; si yon pati onore, chak pati rejwi avèl.(1 Korent 12:24-26)

Nou dwe sonje istwa radikal Anabatis ak orijin nou reklame kòm Menonit. Eritaj sa a chita nan yon rezistans ki vizib epi ki koute chè pou leta ak pou legliz nan jou sa a, ki chache pou kenbe lalwa ak lòd nan denominasyon yo. Anabatis yo te gentan prè pou reziste menm lè sa tap pote lanmo yo vle lwa lanmou ak fason pa Jezi kapab anplifye epi aksesib pou tout moun.

Pou tout moun nwa ki fè pati konferans, ki Ameriken Afriken, Afro-latinx, Ameriken Karibeyen, ki gen desandan Afriken oubyen Afriken Dyaspora. An premye, nou mete yon aksan ki solid pou tout moun konnen lavi tout moun enpòtan epi nou tout fèt nan imaj Bondye. Doulè w se doulè pa m, nou gen lapenn lè w gen lapenn epi nou kontan lè w kontan. Ou pa pou kont ou nou kanpe bò kote w nou avè w- swiv tras ou, pran responsabilite w fè pati pa w la pou n ka kraze fòs dyab nan rasis, sipremasi blan, ak anti-nwa kap chache pou fè sa ki mal epi pou yo blese w.

Ak tout moun ki gen majorite glwobal, ki gen idantite ki pa nwa. Nou wè doulè w ak lit ou yo, pa kite sistèm  sipremasi blan an kraze w. Li enpòtan pou chache  mwayen nouvo pou pa separe w ni fè w sanble ak kilti blan an kap domine a. Objektif nou se pou nou gen yon transfòmasyon mityèl, men pou n ka rive la, lespri demon kap travay la nou dwe idantifye. Lè yon moun asosye l ak kilti kap domine a san l pa konprann sa, lap fè moun ki nan majorite glwobal la pèdi identite l, kounye a sa vi n kreye pwoblèm. Li pi bon pou chache mwayen pou vi n pi solidè ak moun nwa yo, pataje nan lit la avèk yo, lè lòt moun di lavi moun nwa pa gen valè sa vle di tout lòt ti gwoup yo tou. Lè lavi tout moun nwa gen enpòtans lavi tout moun ap gen enpòtans. 

Ak tout moun ki gen majorite glwobal, ki gen idantite ki pa nwa. Nou wè doulè w ak lit ou yo, pa kite sistèm sipremasi blan an kraze w. Li enpòtan pou chache mwayen nouvo pou pa separe w ni fè w sanble ak kilti blan an kap domine a. Objektif nou se pou nou gen yon transfòmasyon mityèl, men pou n ka rive la, lespri demon kap travay la, nou dwe idantifye l. Lè yon moun asosye l ak kilti kap domine a san l pa konprann sa, lap fè moun ki nan majorite glwobal la pèdi idantite l, kounye a sa vi n kreye pwoblèm. Li pi bon pou chache mwayen pou vi n solidè ak moun nwa yo, pataje nan lit la avèk yo, lè lòt moun di lavi moun nwa pa gen valè sa vle di lavi tout lòt ti gwoup moun yo tou. Lè lavi tout moun nwa gen enpòtans, lavi tout moun ap gen enpòtans

Sonje Ekip Entèkiltirèl Mozayik la dissponib pou l kontinye bay sipò ak resous li yo tou.

Filed Under: Atik yo, Blog

Primary Sidebar

  • Akèy
  • Enfòmasyon nou
    • Istwa nou
    • Vizyon & Misyon
    • Anplwaye
    • Komisyon Konsèy yo ak Komite yo
    • Legliz ak Anyè Ministè
    • Bay
    • Lyen Menonit yo
  • Medya
    • Atik yo
    • Lèt pou bay nouvèl
    • Videyo
    • Odyo
  • Resous
    • Misyonèl
    • Entèkiltirèl
    • Fòmèl
    • Jerans
    • Sekirite Legliz la
  • Evènman yo
    • Asanble konferans lan
    • Kalandriye Konferans lan
  • Enstiti Mozayik
  • Kontakte nou

Footer

  • Home
  • Kontakte nou
  • Asanble konferans lan
  • Vizyon & Misyon
  • Istwa nou
  • Fòmèl
  • Entèkiltirèl
  • Misyonèl
  • Enstiti Mozayik
  • Bay
  • Jerans
  • Sekirite Legliz la
  • Atik yo

Copyright © 2025 Mosaic Mennonite Conference | Privacy Policy | Terms of Use