• Skip to main content
  • Skip to primary sidebar
  • Skip to footer

Mosaic Mennonites

Missional - Intercultural - Formational

  • Akèy
  • Enfòmasyon nou
    • Istwa nou
    • Vizyon & Misyon
    • Anplwaye
    • Komisyon Konsèy yo ak Komite yo
    • Legliz ak Anyè Ministè
    • Bay
    • Lyen Menonit yo
  • Medya
    • Atik yo
    • Lèt pou bay nouvèl
    • Videyo
    • Odyo
  • Resous
    • Misyonèl
    • Entèkiltirèl
    • Fòmèl
    • Jerans
    • Sekirite Legliz la
  • Evènman yo
    • Asanble konferans lan
    • Kalandriye Konferans lan
  • Enstiti Mozayik
  • Kontakte nou
  • 繁體中文 (Chinwa)
  • English (Anglè)
  • Việt Nam (Vietnamiz)
  • Español (Espayol)
  • Indonesia (Indonezyen)
  • Kreol ayisyen

Sekirite Legliz la

Salford Peace Camp

Nan efò pou n fè legliz nan kominote a vi n pi solid pou legliz yo ka gen pi bon sekirite pou tout moun Mosaic Mennonite Conference ap travay anpil pou l ka bay resous pou anpeche abi, epi bay sipò ak moun ki te viktim yo epi asire pwoteksyon pou timoun yo.

“Nenpòt moun ki resevwa yon timoun konsa poutèt mwen,se mwen menm menm li resevwa; epi nenpòt moun ki resevwa m, se pa mwen li resevwa,men se moun ki voye lan li resevwa.” Mak 9:37 (NIV)

  • Resous
  • Verifikasyon pèsonèl
  • Fòmasyon/Enfòmasyon sou evènman yo

Move kondwit kongregasyonèl la:

  • Sample Congregational Misconduct Policy for Lay Persons and Congregants

Kominikasyon konfidansyèl ak Klèje ki responsab sekirite timoun yo:

  • Confidential Communication Conference Position Statement
  • Pennsylvania state law info

Fè yon sèvis Dimanch maten sou sekirite timoun:

(Tout liv ki nan lis anba yo disponib nan bibliotèk nan Sant Konferans lan pou sèvi avèk yo lè w bezwen, sof si ta gen yon nòt entèdi sa)

  • Order of Service Sample for a Child Safety Sunday Service
  • Readings For Child Safety Sunday
  • Reflections on Planning Implementing a Child Safety Service
  • Inviting Survivors Reflections– Keksyon yo itilize
  • Reflections on Abuse from Survivors at Salford Mennonite Church

Resous pwoteksyon pou timoun:

Liv ou ka itilize pou timoun
  • Laj 0-5 ane:  God Made All of Me: A Book to Help Children Protect Their Bodies, se Justin S Holcomb ak Lindsey A Holcomb ki ekri liv sa a
  • Laj 3-5 ane: The Story of Me (God’s Design for Sex Book 1), se Stan ak Brenna Jones ki ekri liv sa a
  • Laj 5-8 ane: Before I was Born (God’s Design for Sex Book 2),se Carolyn Nystrom ki ekri liv sa a 
  • Laj 8-11:What’s the Big Deal? Why God Cares About Sex (God’s Design for Sex Book 3), se Stan ak Brenna Jones ki ekri liv sa a
  • Laj 11-14: Facing the Facts: The Truth About Sex and You (God’s Design for Sex Book 4), se Stan ak Brenna Jones ki ekri liv sa a
Sit entènèt pou paran ki bezwen èd
  • The Mama Bear Effect
Prezantasyon/ Fèy detache pou enfòmasyon
  • Mandated reporting of Suspected Child Abuse – Fèy detache moun kap fè enfòmasyon yo bay 
  • Child Protection Seminar Slides – Jen 2015 MMC seminè avèk  Ms. Mundy ki soti nan NOVA.
Entènèt
  • Network of Victim Assistance (NOVA) – NOVA se yon òganizasyon ki pa pou pwofi men ki la pou asiste moun ki viktim avèk tout kalite krim epi ki nan lokalize  Bucks County, Pennsylvania
  • Keep Kids Safe PA – se yon sit entènèt gouvènman Pennsylvania a etabli pou bay enfòmasyon ki gen rapò ak pwoteksyon timoun lwa sa a te pase nan ane  2015.

Adrès Jeneral/ Resous pou anpeche abize tout moun:

Atik yo
  • Preventing and Responding to Sexual Abuse: Some Much-Needed Resources
  • Understanding Symptoms of Sexual Abuse
  • Healing Through Truth Telling and Open Ears
Liv yo (men lis materyèl ou ka li nan Dove’s Nest ak nan Faith Trust Institute)
  • Abuse: Response and Prevention – resource booklet from MC USA
  • Bancroft, Lundy. When Dad Hurts Mom: Helping Your Children Heal the Wounds of Witnessing Abuse, New York: Berkley Books, 2004.
  • Body and Soul: Healthy Sexuality and the People of God (Faith & Life Resources, 2010).
  • Cunningham, Alison and Baker, Linda. Little Eyes, Little Ears: How Violence Against a Mother Shapes Children as They Grow, London, ON: Centre for Children & Families in the Justice System, 2007.
  • Gaede, Beth Ann, editor. When a Congregation is Betrayed: Responding to Clergy Misconduct. The Alban Institute, 2006.
  • Heggen, Carolyn Holderread. Sexual Abuse in Christian Homes and Churches. Herald Press, 1993. Reprinted Wipf & Stock, 2006.
  • McCintock, Karen A. Preventing sexual abuse in congregations: A resource for leaders. The Alban Institute, 2004.
  • Mennonite Quarterly Review (ebook), January 2015. This issue is devoted to the theme of sexual abuse–and the related motifs of discipline, healing, and forgiveness–within the Mennonite Church, with a particular focus on the controversy surrounding the actions of its mostly widely recognized theologian, John Howard Yoder (1927-1997).
  • Penner, Carol. Healing Waters: Churches Working to End Violence Against Women. Toronto, ON: Women’s Inter-Church Council of Canada, 2003.
  • The Little Book of Restorative Justice for Sexual Abuse: Hope through Trauma
  • nderstanding Sexual Abuse by a Church Leader or Caregiver (PDF download),2nd edition. Mennonite Central Committee, 2011.
  • West, Traci C. Disruptive Christian Ethics: When Racism and Women’s Lives Matter. Westminster John Knox Press, 2006.
  • Yoder, Carolyn. The Little Book of Trauma Healing: When Violence Strikes and Community Security is Threatened. Good Books, 2005.
Sit entènèt
  • Faith Trust Institute
  • Godly Response to Abuse in the Christian Environment (GRACE)
  • Our Stories Untold
  • Prevention and Response: Sexual Abuse and Non-Credentialed Individuals – Panèl MC USA sou zafè Prevansyon Sexyèl ak Abi kreye yon direktiv pou reponn lè moun ki pa gen kalifikasyon akize pou vyolans sexyèl nan kontèks kongregasyon yo ,Konferans ak òganizasyon yo.

Pennsylvania’s Lwa ki ap pwoteje timoun yo mande pou moun kap travay ak timoun yo gen pèmi epi moun ki dakò pou ofri sèvis volontè pou ede timoun, tout moun sa yo ki gen“kontak direk“ ak tout lidè ki gen kalifikasyon, klèje yo gen obligasyon pou yo sèvi kòm rapòtè paske lwa Pennsylvania mande sa. Mosaic Mennonite Conference pran desizyon pou l mete règleman sa yo nan plas yo pou tout lidè ki kalifye nan Konferans lan nan nenpòt eta oubyen Zòn kote yo abite oubyen kote yap bay sèvis yo. Nouvo lwa sou pèmi sa a lap sèvi pou tout moun kap ofri sèvis volontè nan legliz nou yo. Nou konprann sa, pou yon moun jwenn dokiman pou otorizasyon Pèmi an, sa ka akable w. Pou nou ka ede w nan pwosesis la men bagay ou bezwen konnen.

Si ou gen keksyon sou fason pou jwenn Pèmi an ou gen dwa kontakte Leadership Minister / Marta Castillo, Assistant Executive Minister.


Ki moun ki bezwen Pèmi sa a?
Tout anploye ki gen 14 ane oubyen si ou gen plis pase sa ki vle fè sèvis volontè oubyen yon moun ki gen plis pase 18 ane ki pra l gen “kontak direk“ak yon timoun oubyen anpil timoun. Règleman sa a li pou tout lidè ki gen kontak ak timoun. Lwa a di tout timoun ki gen pipiti laj ki pi ba pase 18 ane.Kontak Direk vle di prezante kòm paran timoun yo oubyen kòm gadyen timoun yo, nenpòt moun kap bay timoun yo swen, direksyon, sipèvisyon oubyen entèraksyon woutin ak timoun.

Pou Mosaic Mennonite Conference Kongregasyon yo, ak lòt moun kap bezwen Pèmi:

  • Tout lidè ki gen kalifikasyon yo
  • Tout anseyan lekòl dimanch maten ak moun kap swaye bebe nan legliz ak tout volontè yo
  • Tout moun kap pran swen timoun nan evènman espesyal ak nan sèvis
  • Tout moun kap parene lajènès/ tout lidè yo
  • Tout moun kap akonpaye timoun ak jèn moun nan evènman 

Ki Pèmi yon moun ap beswen?

Nan paj ki pi ba a wap jwenn enfòmasyon ki ka ede w pou ka jwenn lyen kap dirije w pou jwenn Pèmi nan eta oubyen Zòn kote ou abite a. Sonje kongregasyon kote ou ye a, anployè oubyen Konferans kapab mande w plis enfòmasyon pou verifikasyon pèsonèl ou. Pi ba wap jwenn se lalwa ki mande sa.

Verifikasyon  pèsonèl sa yo valab anba lwa Pennsylvania pou 5 ane. Poutan, gen òganizasyon ki egzije pou sa renouvle chak ane. Mosaic Mennonite Conference egzije lidè ki kalifye yo dwe renouvle verifikasyon pèsonèl yo chak 3 ane avèk yon kalifikasyon ki gen yon sik renouvlab.

NÒT: tout enfòmasyon ou bay sou zafè Pèmi nap retounen yo ba ou se ou menm ki responsab pou moutre dokiman original yo bay legliz ou oubyen biwo Konferans lan.

Nou espere chak moun ki te abite nan eta oubyen nan zòn yo pou yon period 10 ane/ lè wap aplike pou travay kòm yon volontè pozisyon( san peye) ou va swiv règleman sa yo:

  • Ou dwe siyen yon dokiman ki rele Pwoteksyon Timoun/Dosye Verifikasyon ak Afimasyon Kriminèl, rezon ki fè yon moun bezwen fè sa se paske moun sa a pa oblije konplete yon verifikasyon nan biwo FBI.

Ou ka jwenn yon echantiyon dokiman an la a found here (Spanish version).  Ak nan, Souderton Mennonite Church plas sa a itilize pou “Aliyans Volontè” ou ka wè la a viewed here. Kèlke swa valè tan ou genyen depi ou abite nan plas kote ou ye a, tout lidè kalifye ki nan Mosaic Mennonite Conference oblije konplete yon dosye Verifikasyon nan biwo FBI.

  • National Child Protection Act FBI National Record Check li obligatwa pou soumèt kat anprent ou. 1) ale la a the IdentoGO website epi antre kòd sèvis la: 1KG756.  2) klike “Submit A Fingerprint Card By Mail” ranpli fòm lan. Kote ki mande “Enfòmasyon sou Patwon w” Mete Kongregasyon kote ou mache a oubyen ou ka mete enfòmasyon Konferans lan.  Pou pati sa a “Would you like to locate the IdentoGO Enrollment Center nearest you?” Klike “Wi.” la a“Location”chwazi seksyon sa a “Mail A Fingerprint Card”. 3) Konplete enfòmasyon kote pou peye a. 4) Ale nan sit ki apwoprye a pou ka pran anprent ou. 5) Swiv enstriksyon nan direksyon yo ba ou pou yo ka voye kat anprent lan ba ou. 6) Lè ou resevwa rezilta nan adrès ou,wap bezwen voye l ba legliz obyen Konferans ki responsab legliz kote ou mache a.
  • Dosye Kriminèl ak Abize timoun Pèmisyon fòk biwo sa a  ka deklare ou bay   Mosaic Mennonite Conference pou ka jwenn kalifikasyon w kòm lidè nan Pennsylvania se yon lwa nan Eta a. Sa nou dwe sonje, Pèmi sa yo pa gen valè pou moun ki abite nan California. Poutèt sa, Mosaic Mennonite Conference mande tout moun kap travay ak timoun nan Eta California dwe konplete pati sa a Affirmation Statement pou moutre yo pat akize yo pou okenn ofans pou sa pa parèt nan Pèmi an.
  • New Jersey Criminal Record Check (Form C) Yo mande pou bay anprent ou epi ou te fè l nan MorphoTrust USA. Wap bezwen pou telechaje randevou ki apwopriye a Universal Fingerprint Form epi pote fòm lan avèk ou lè wap vi n nan randevou pou anptent lan. Anplis fòm sa a, fòk ou pote papye idantifikasyon jan li parèt nan deskripsyon fòm lan. Adrès kay ou ki parèt nan fòm ou te ranpli sou Universal Fingerprint Form ou dwe gen menm adrès la nan pyès idantifikasyon ou te bay  MorphoTrust USA. Patwon w / Ou dwe mete Adrès Òganizasyonn VoLontè a byen, Yap poste rezilta a voye ba ou nan adrès ou te bay la. Pou bay plis presizyon, konplete byen blok #9 jiska #26 nan devan fòm nan anvan randevou a. Frè pou sèvis la se $40.66, gen yon pati nan lajan an ki $10  sa se frè vandè a ak tax pou eta  kote wap viv la. Men ki mwayen ou ka sèvi pou peye frè a: VISA, Master Card, American Express, Discover, kat debi peye anvan,oubyen debi elektronik (ACH) ki ka soti nan kont kouran. Kont yo pra l debite imediatman. Lè ou plase randevou a, yap mande w pou peye epi lajan an ap soti nan kont ou gen nan bank kote ou mete lajan w. Ou kapab fè randevou a men fòk ou clicking here. Pou plis enfòmasyon vizite NJ Lapolis nan Eta (FAQs)kesyon yo mande anpil clicking here.
  • New Jersey pa otorize dosye ki gen enfòmasyon sou abi timoun soti nan biwo New Jersey. Poutèt sa konplete Affirmation Statement ou ka jwenn fòm sa a here epi soumèt li bay responsab legliz la/oubyen biwo konferans lan office@mosaicmennonites.org.
  • New York Criminal Record Checkyo mande anprent men fòk ou fè l nan MorphoTrust USA. 1) Kontakte MorphoTrust USA pou ka fè randevou a pou yo fè anprent lan pou ou fòk ou ale nan sit sa a the IdentoGO website oubyen rele nimewo sa a 1-877-472-6915. 2)Wap bezwen pou bay enfòmasyon sa yo, ou ka fè l oubyen rele nan telefòn:Peronal Record Review Kòd pou sèvis la 15465F. 3) Fè aranjman pou randevou anprent lan. 4) Lè wale nan randevou pou anprent lan, wap bezwen bay fòm pou idantifikasyon w. Vizite the IdentoGO website oubyen ou ka rele nan nimewo sa a 1-877-472-6915 pou ka jwenn enfòmasyon sou fòm idantifikasyon an. wap bezwen peye $62 lè ou fè sa. Kat kredi, chèk ak lajan sètifye aksepte.chèk pèsonèl oubyen biznis, chèk sètifye, chèk ki soti nan bank oubyen lajan sètifye dwe gen non kote sa a ekri sou li “MorphoTrust USA”. Pou plis enfòmasyon, click here.
  • New York Child Abuse & Neglect Information Form yo mande pou fòm lan konplete nèt epi fò l gen siyati Notè sou li.  “Agency” wap bay enfòmasyon li dwe legliz ou oubyen konferans ki ap sipèvize legliz ou. Nou mande w konplete fòm lan here, ou bezwen bay yon Notè siyen pou ou aprè sa poste fòm lan nan adrès sa a: New York State, Office of Children & Family Services, Statewide Central Register, PO Box 4480, Albany, NY 12204-0480.
  • Pennsylvania State Police Criminal Record Check (SPA-164) ou ka jwenn enfòmasyon sa a sou entènèt nan Pennsylvania lapolis leta ki baze sou aplikasyon entènèt ki rele “Pennsylvania Access To Criminal History,” (PATCH) men li la a: Pennsylvania Access to Criminal History (PATCH) website. Gen plis enstriksyon: NÒT:al chache nan “lyen sètifika“lè ou fi n konplete tout etap yo. Wap bezwen sètifika a pou ka fè rekèt Pèmi an. Nou ka wè yon egzanp la a here.  1) Klike“Soumèt Nouvo Dosye”; 2) Konplete fòm nan epi klike “Aprè”; 3) Ranpli lòt enfòmasyon anplis epi klike “Kontinye”; 4) Konplete fòm lan epi klike “Antre  Rekèt la”, apre sa “ ou Fini”; 5) Nan paj ki vini aprè a, klike “soumèt”; 6) Nan paj ki vini aprè a wap bezwen pou klike  “ nimowo kontròl la” epi nan paj final la wap klike “Fòm Sètifika.” 7) Konsève Sètifika sa a pou dosye w epi soumèt sètifika a bay moun ki mande w li oubyen òganizasyon ki mande w Pèmi w.
  • Pennsylvania Child Abuse History Clearance ou ka soumèt enfòmasyon epi peye sou entènèt na sit sa a Child Welfare Information Solution (CWIS) self-service portal. Ou kapab kreye yon  “Sesyon ouvri individyèl ” epi avanse avèk etap yo mande yo.Depi sesyon an fi n ouvè, ou kapab soumèt rekèt ou pou ka jwenn Pèmi an. Lè Pèmi an fi n valide sou entènèt la, wap resevwa yon kourye elektronik kap fè w konn sa. Kounye a wap ouvri sesyon an ankò pou ka jwenn yon kopi dokiman ki gen Sètifika w la (sample here). Kopi Sètifika sa a bay prèv ke ou gen Pèmi w. Sonje ouvè sesyon individyèl ou nan Child Welfare Information Solution sèvis- endepandan pòtal sa a li enpòtan anpil se la wap soumèt enfòmasyon pou timoun ou jwenn ki abize.
  • Federal Bureau of Investigation (FBI) Verifikasyon Kriminèl yo(Act 114) trete nan biwo ajans IDEMIA, li obligatwa pou tout moun ki okipe yon pozisyon kap touche lajan oubyen kap travay kòm volontè ki te fè 10 ane abite nan yon lòt eta oubyen zòn kote yap viv kounyea wap bezwen ranpli fonksyon sa a. Pou konplete atik sa a wap bezwen enskri sou entènèt pou pran yon randevou pou ka fè anprent ou.  CLICK HERE epi antre kòd sèvis la: 1KG756. Pandan ou la a wap, klike “Orè oubyen Jerans randevou” epi ranpli fòm lan. Lè ou fi n soumèt li, sistèm nan ap mande w pou mete kòd postal ou aprè sa wap chwazi kote ou kapab fè randevou pou al fè anprent ou; si pa gen mwayen pou yon randevou ou ka chwazi pou “ale nan biwo a“ Li obligatwa pou peye pou anprent lan lap koute w $27.50, epi fòk ou peye pou anprent lan lè ou fi n fè l; ou pa ka peye l sou entènèt. Wap bezwen pèmi ou konn kondwi nan USA pou ka moutre l kòm idantite w oubyen idantifikasyon nan dokiman ou jwenn nan lis sa a this list nan jou randevou. Lè ou fi n fè anprent lan, yap voye sètifika a nan adrès postal ou, sa ap pran 6-8 semèn pou jwenn li; se sa wap bezwen pou moutre ou gen yon Pèmi apwopriye. Si ou se yon lidè ki gen kalifikasyon li nan Mosaic Mennonite Conference,wap bezwen prezante sètifika sa a bay Konferans lan sa pra l konplete kondisyon verifikasyon an.
  • Vermont Criminal Record Check Ou ka ale nan Biwo sa a oubyen poste enfòmasyon ou voye l nan adrès sa a Vermont Crime Information Center,wap bezwen yon rezilta ki sètifye paske li obligatwa. Si ou  bezwen plis enfòmasyon wap jwenn yo lè ou ale clicking here. 
  • Child Protection Registry Self Inquiry Request Form wap bezwen konplete fòm sa a epi fè notè siyen l pou ou. Aprè sa wap poste fòm lan mete adrès ou sou li ak tem sou li voye l nan Depatman Timoun ak Fanmi – Child Protection Registry, 280 State Drive, Waterbury, VT 05671-1080. Lè ou resevwa rezilta a ou dwe montre orijinal la bay legliz ou oubyen biwo konferans ki responsab legliz kote ou mache a. Wap jwenn plis enfòmasyon la a here.
  • National Child Protection Act FBI National Record Check yo mande pou soumèt kat ki gen anprent ou ladan l. 1)  Ale la a the IdentoGO website epi antre kòd sèvis la: 1KG756.  2) klike “Submit A Fingerprint Card By Mail” epi ranpli fòm lan. Pou “Employer Information” antre Kongregasyon kote ou mache a oubyen enfòmasyon sou konferans ki responsab legliz kote ou mache a.  Pou “Would you like to locate the IdentoGO Enrollment Center nearest you?” Klike “Yes.” Sou “Location” seleksyone seksyon  “Mail A Fingerprint Card”. 3) Konplete enfòmasyon kote pou peye a. 4) Ale sou sit ki apwopriye a pou ka pran anprent lan. 5) Swiv enstriksyon pou ka poste kat anprent lan. 6) Lè lapòs pote rezilta a ba ou, wap bezwen pote l bay legliz ou oubyen konferans ki responsab legliz kote ou mache a. NÒT: si pa gen yon biwo IdentoGo kote ou abite a, jiridiksyon lokal Polis kote ou abite a oubyen Polis Eta a kapab ba w enfòmasyon ou bezwen. Si ou bezwen plis enfòmasyon wap jwenn yo la a here.
  • Virginia Criminal Record ou ka jwenn li pa mwayen lapòs, rezilta a ap sètifye  obligasyon. Men kote ou ka soumèt Rekèt yo SP-230 form. Objektif la se anplwa. “Mail Reply To:” Li kapab pou tèt pa w oubyen kongregasyon w oubyen Konferans ki responsab legliz kote w mache a.  Gen yon frè $20.00 ou ka peye l sou entènèt oubyen ak yon chèk konpayi oubyen lajan sètifye: Department of State Police, P. O. Box 85076, Richmond, VA 23261-5076.
  • VA Department of Social Service Central Registry Form ou ka konplete fòm sa a aprè sa pou soumèt li. Wap jwenn enstriksyon ak fòm pou rekèt verifikasyon an wap jwenn li la a here. “Mail Search Results To” voye l bay kongregasyon oubyen konferans ki responsab legliz kote ou mache a. Nòt: Fòm nan bezwen yon Notè pou siyen l.
  • National Child Protection Act FBI National Record Check mande pou soumèt anprent kat ou. 1)  Ale la a the IdentoGO website epi antre kòd sèvis la: 1KG756.  2) Klike “Submit A Fingerprint Card By Mail” epi ranpli fòm nan. Pou “Employer Information” Antre non Kongregasyon oubyen enfòmasyon sou konferans ki responsab kongregasyon kote ou mache a.  Pou “Would you like to locate the IdentoGO Enrollment Center nearest you?” Klike “Yes.” Ale la a “Location” seleksyone seksyon “Mail A Fingerprint Card”. 3) Konplete enfòmasyon pou ka peye. 4) Ale nan sit ki apwopriye pou ka pran anprent lan. 5) Swiv enstriksyon pou ka poste kat anprent lan. 6) Lè lapòs voye rezilta ba ou, wap bezwen pote rezilta a bay legiz ou oubyen konferans ki responsab kongregasyon kote ou mache a. NÒT: Si pa gen yon lokal IdentoGo nan zòn kote ou abite a, kounye a ou ka fè anprent ou nan Virginia Polis Eta a. Wap bezwen konplete fòm pou kat pou anprent:  COMMONWEALTH OF VIRGINIA – DEPARTMENT OF STATE POLICE REQUEST FOR FINGERPRINTS.

Aprann Bon Limit

Lè ou gen bon limit, sa se yon bon kado. Bon limit kenbe yon moun nan plas li epi sa ede moun gen bon relasyon youn avèk lòt. Bondye te bay limit lè li te kreye mond lan, men li te fè sa pou l te pwoteje l epi kenbe l fè l vi n bèl. Lè gen bon limit sa kreye prevansyon kont tout abi. Konferans lan pran responsabilite pou l mete sou pie yon bon limit nan fòmasyon lap bay lidè ki gen kalifikasyon yo.

Fòmasyon obligatwa pou Rapòtè

Chak Eta gen lwa pa l ki obligatwa pou rapòte timoun ki abize yo oubyen ki neglije yo. Mosaic Mennonite Conference Pran responsabilite tout lidè ki gen kalifikasyon yo pou yo respekte etik ak prinsip Bib la bay pou yo gen kè sansib epi bay moun ki vilnerab swen yo bezwen poutèt sa menm lè Rapòtè pa gen lisans men yo responsab pou rapòte abi ak neglijans timoun bay otorite yo. Tout lidè kalifye yo nan Mosaic Mennonite Conference dwe resevwa fòmasyon pou jwen otorizasyon nan Eta kote yo abite oubyen kote yap travay pou yo bay enfòmasyon sou moun yo jwen ki abize pou yo fè Eta kote ye konnen sa.  Pi ba wap jwenn kote yap bay enfòmasyon as yo.

Konplete fòmasyon an sou entènèt paske yo bay li California Department of Social Service. Si ou se yon lidè ki gentan gen kalifikasyon wap sèlman bezwen konplete 2 pati General Training course avèk Clergy Module.  Wap jwenn enstriksyon pou tou 2 anba. Pou konplete fòmasyon an: 

  1. Aksè a la General Training course ou dwe ale nan: http://mandatedreporterca.com/training/generaltraining.htm
  2. Klike “Take this Class Now”
  3. Kou sa a ap pran 4 è pou fini l patisipan yo ap resevwa yon sètifika lè yo fini kou a. (Si ou se yon lidè ki kalifye/ Klèje, kontinye ak nimewo 4 la, si ou po ko konplete enfòmsyon ki nesesè a).
  4. Si ou se yon lidè ki kalifye/ Klèje,wap bezwen ale nan Clergy’s Module sa ka ede w wè enfòmasyon ki gen rapò ak klèje sa ka ede w jwenn materyèl pou prepare w pou kapab vi n yon Rapòtè fòme.Ou ka jwenn aksè a la a: http://mandatedreporterca.com/training/clergy.htm. Fòmasyon jeneral la dwe konplete anvan!
  5. Modil wap fè pou kont ap pran 2 è pou fè l. Lè ou fini ap gen yon dènye tès ki mande pou fè 80% oubyen plis pou ka pase l. Lè ou pase tès la, wap enprime sètifika a lè ou fi n konplete l; nòt, sètifika sa a li bon si ou gentan konplete fòmasyon jeneral la.Depi ou fi n konplete l wap bay yo tou 2 General Training ak Clergy Module Sètifika yo nan biwo Konferans lan.

Wap bezwen konplete fòmasyon ki obligatwa a sou sit ki gen baz sou entènèt la,men kote wap jwenn aksè  The New York State Office of Children & Family Services. Pou ka sa wap konplete etap sa yo:

  1. Ou dwe kreye yon STARS Human Service Learning Center kont. Instructions and registration for New HSLC User can be found here.
  2. Lè ou resevwa non itilizatè w ak mo pou ka pase nan sit elektwonik la oubyen nan lyen ki make HSLC a nan paj dakèy la, vizite paj dakèy la nan meni prensipal la, seleksyone “User”, lè sa a “My Registration” epi wap dirije w nan paj enskripsyon an. Klike sou tit klas obligatwa pou rapòtè yo nan griy a aprè sa klike nan lyen anba ki make “Content” pou ka koumanse klas la.
  3. Yo ba w 30 jou pou konplete klas la. Apre ou fini klas la wap resevwa yon sètifika ki di ou te pran kou a; nou mande w pou bay Konferans lan yon kopi sètifika sa a.

“New Jersey li obligatwa pou rapòte abi bay otorite responsab yo. Nenpòt moun ki kwè li wè yap abize yon timoun oubyen li wè tmoun nan neglije li dwe rapòte sa l wè a bay otorite responsab imedyatman.” Fòmasyon yo bay epi diponib nan New Jersey li obligatwa pou rapòte l li prepare pou moun kap travay nan lekòl yo. Mosaic Mennonite Conference rekòmande pou tout lidè ki kalifye yo ka konplete fòmasyon sa a nan sit entènèt sa a kap ba w adrès kote pou ka fè l la: http://www.state.nj.us/education/students/safety/socservices/abuse/training/

Lidè ki kalifye yo dwe familyarize yo avèk lwa New Jersey a pou yo ka konnen kouman pou yo fè yon rapò lè sa nesesè epi siyen Affirmation Form pou moutre yo te fè sa. Ou bezwen familyarize w avèk fòm afimasyon an ki gen enstriksyon lwa New Jersey a ladan l epi wap jwenn plas kote pou fè rapò ki mandatwa a wap jwenn la a here.

Moun ki pat asiste fòmasyon an lè l te fèt la Mosaic Mennonite Conference dwe konplete fòmasyon an sou entènèt.  Click here for info.

Fòmasyon sou sit entènèt la wap konplete l nan plas sa a Vermont Agency of Human Services-Department for Children & Families. Pou fè sa:

  1. Ou bezwen ale nan https://goto.webcasts.com/starthere.jsp?ei=1087433 –ranpli fòm lan antre web kast la, oubyen ouvri sesyon an si ou te gentan anrejistre.
  2. Fòmasyon an ap pran 2 è pou konplete l, epi patisipan yo ap pran tès final aprè sa yap resevwa yon sètifika ki moutre yo te konplete fòmasyon an; Yap remèt ou yon kopi sètifika a, sètifika sa a wap pote l bay Konferans lan si ou gen kalifikasyon ak  Mosaic Mennonite Conference.

Revize A Guide for Mandated Reporters In Recognizing And Reporting Child Abuse And Neglect  epi konplete fòmasyon an sou sit entènèt yo ba ou nan Virginia Department of Social Services. Pou fè sa:

  1. Ou prale nan sit sa a pou ka koumanse kou a https://www.dss.virginia.gov/family/cps/mandated_reporters/cwse5692/story.html. Pwogram lan gen 2 modil ladan l lap pran 30 minit pou chak modil yo se valè tan sa lap pran pou konplete yo. Yo pap ba ou yon sètifika lè w fi n fè travay sa a, lidè ki kalifye yo gen obligasyon pou yo siyen epi retounen nan seksyon sa a  Affirmation Form yap ba ou yon kopi ki moutre ou te fè fòmasyon final ki moutre sou ekran an ou te fè 90% oubyen plis nan tès fòmasyon kap ba ou kredi pou kalifikasyon w. Ou ka ale nan Affirmation Form pou ka gen aksè here.
  2. Nou avize tout lidè ki kalifye yo epi tout moun kap travay ak timoun dwe familyarize yo avèk  A Guide for Mandated Reporters In Recognizing And Reporting Child Abuse And Neglect.

This post is also available in: 繁體中文 (Chinwa) English (Anglè) Việt Nam (Vietnamiz) Español (Espayol) Indonesia (Indonezyen)

Primary Sidebar

  • Akèy
  • Enfòmasyon nou
    • Istwa nou
    • Vizyon & Misyon
    • Anplwaye
    • Komisyon Konsèy yo ak Komite yo
    • Legliz ak Anyè Ministè
    • Bay
    • Lyen Menonit yo
  • Medya
    • Atik yo
    • Lèt pou bay nouvèl
    • Videyo
    • Odyo
  • Resous
    • Misyonèl
    • Entèkiltirèl
    • Fòmèl
    • Jerans
    • Sekirite Legliz la
  • Evènman yo
    • Asanble konferans lan
    • Kalandriye Konferans lan
  • Enstiti Mozayik
  • Kontakte nou

Footer

Copyright © 2023 Mosaic Mennonite Conference | Privacy Policy | Terms of Use