• Skip to main content
  • Skip to primary sidebar
  • Skip to footer

Mosaic Mennonites

Missional - Intercultural - Formational

  • Akèy
  • Enfòmasyon nou
    • Istwa nou
    • Vizyon & Misyon
    • Anplwaye
    • Komisyon Konsèy yo ak Komite yo
    • Legliz ak Anyè Ministè
    • Bay
    • Lyen Menonit yo
  • Medya
    • Atik yo
    • Lèt pou bay nouvèl
    • Videyo
    • Odyo
  • Resous
    • Misyonèl
    • Entèkiltirèl
    • Fòmèl
    • Jerans
    • Sekirite Legliz la
  • Evènman yo
    • Asanble konferans lan
    • Kalandriye Konferans lan
  • Enstiti Mozayik
  • Kontakte nou
  • 繁體中文 (Chinwa)
  • English (Anglè)
  • Việt Nam (Vietnamiz)
  • Español (Espayol)
  • Indonesia (Indonezyen)
  • Kreol ayisyen

Anplwaye

Ale nan Anyè a

Anplolwaye Konferans Menonit Mozayik la se yon ekip moun ki mete tèt yo ansanm pou yo sipòte pastè yo, kongregasyon yo, ak òganizasyon nan peyi a. Gen nan anplwaye yo ki pa travay nan biwo Lansdale la, anpil ladan yo travay lakay yo, yo vwayaje ale vizite kongrgasyon ak konferans ki gen ministè yo nan California, Florida epi nan Koridò Nò ès la.

Anplwaye nou yo se ministè ki gen esperyans nan travay la, yo se yon ekip misyonè, ki konnen kouman bagay yo mache nan diferan kilti, epi ki bay fòmasyon nan fason yo kominike ak pastè yo, yo konn fè jerans byen, gen ladan yo ki pa travay nan yon sèl ekip men ki patisipe nan diferan gwoup!  

  • Lidè ki gen esperyans nan ministè yo, bay pastè yo ak kongregasyon yo direksyon ak sipò nan travay yo.
  • Ekip misyon an bay kongregasyon yo direksyon pou yo kapab panse kouman pou konekte avèk moun ki nan vwazinaj yo.
  • Ekip entèkiltirèl la travay ansanm avèk chak lòt ekip yo ak pastè yo ak kongregasyon yo pou yo ka idantifye patipri epi ankouje lidè yo pou yo ka elaji enklizyon ak ekite.
  • Ekip fòmasyon an kowòdone pwosesis kredansyèl  responsab yo pou ankouraje yo kontinye aprann konnen byen fason konferans ak lidè kongregasyon yo fè travay yo. Ekip sa a fòme pou etabli yon koneksyon ak pastè jèn yo ak moun ki ap sipòte yo pou yo ka òganize gran konferans ak rasanbleman pou jèn yo.
  • Ekip kominikasyon an responsab pou rakonte istwa konferans lan, prezans ak patisipasyon sou entènèt, ak kominikasyon sou fòm ekri.
  • Administratè yo ap fè tou sa yo kapab pou tout bagay ka mache byen!    

Gary Alloway


galloway@mosaicmennonites.org

Gary Alloway


Close

Cindy Angela


cangela@mosaicmennonites.org

Cindy Angela


Close

Rose Bender Cook


rbender@mosaicmennonites.org

Rose Bender Cook


Close

Marta Castillo


mcastillo@mosaicmennonites.org

Marta Castillo

Pitit fi Konferans Franconia a ki gen rasinn li kòm travayè nan Misyon, Marta Castillo prepare avèk kapasite ki ba li kilti lengwistik yo kòm zouti nan Konferans lan, li grandi nan peyi Vyètnam ak nan peyi Endonezi. Kòm se lang anglè li te aprann anvan li te abite avèk yon fanmi ki te bileng epi nan kominote a moun yo te konn pale anglè oubyen espayòl. Marta renmen priye epi li angaje l pou l pataje mesaj bònn nouvèl Kris la ak moun ki nan vwazinaj li yo. Li gen anpil pasyon nan travay intèkiltirèl ki pote inite nan kilti ki melanje, kap konbat divisyon nan ras, pou kapab vi n gen rekonsilyasyon. Marta sèvi nan ekip pastè yo nan kongregasyon Nueva Vida nan Morristown Nouvèl vi depi 2009 jiska 2017, li fè senk ane ap travay nan Komite Konferans lan, te gen 2 ane li te fè ap travay kòm asistan moderatè. Li diplome nan Eastern Mennonite college avèk yon nivo nan Edikasyon Elemantè avèk yon sètifika nan ministè kretyen nan Eastern Mennonite Seminary. Marta abite nan vil Norristown, Pa avèk mari li, Julio, yo gen 3 pitit gason, Christian, Andres ak Daniel yo genyen tou yon pitit pitit fi ki rele Isabel. ka li pwofil Marta la a.
Close

Sue Conrad Howes


sconradhowes@mosaicmennonites.org

Sue Conrad Howes


Close

Marco Güete


mguete@mosaicmennonites.org

Marco Güete

Marco Güete grandi nan peyi Colombi anvan li imigre nan etazini. Nan ane 1978, li resevwa apèl kòm pastè nan yon ti kongregasyon lè sa a li tap pouswiv etid li nan ministè nan edikasyon ak konseye. li pase yon bon tan kòm vandè entènasyonal epi finalman li ouvè 2 boutik nan Queens, NY. Nan ane 1981, Marco anwole nan pwogram Ministè pou Pastè nan Goshen College aprè li fini etidye nan Goshen Colege, li te anwole nan Northern Baptist theological Seminary, se la li te dilome ak yon Metriz nan Tewoloji men li te konsantre plis nan branch kouman Pastè bay Swenn ak Konsèy. Depi lè sa a, lap travay kòm Pastè nan legliz kominotè Fwa Menonit ki nan Chicago,IL, lI Sèvi kòm direktè pwogram ministè espanwòl yo nan Konfernas jeneral legliz Menonit. li se yon asosye nan Konferans Ministè nan Konferans ki nan Distri Wès la, epi tou li sèvi kòm konferans ministè ki nan Konferans Menonit ki nan Sidès la. Marco marye ak Sandra yo abite nan vil Sarasota, FL . ka li pwofil Marco la a.
Close

Eileen Kinch


ekinch@mosaicmennonites.org

Eileen Kinch


Close

Stephen Kriss


skriss@mosaicmennonites.org

Stephen Kriss

Stephen Kriss te koumanse travay nan Konferans Franconia nan ane 2005 lè sa a li te konsantre sou jèn lidè ak yon nouvèl inisyativ. Anvan sa, li te sèvi kòm pastè nan kongregasyon Menonit yo ki nan Somerset County,PA ak Staten Island, NY. Stephen te konn travay nan pati kominikasyon, li te konn edite ak relasyon piblik. Li te diplome nan Eastern Mennonite University nan Harrisonburg, VA, Duquesne University nan Pittsburgh ak nan seminè nan Drew University nan Madison, NJ. Stephen abite nan Nòwès Philadelphia epi li fè pati Sant Adorasyon ki nan Philadelphia. Kounye a lap travay nan group ki ap fè evalyasyon pou pwosesis kalifikasyon yo, nan devlopman bon jeran li sèvi kòm ministè bon jerans ak anpil kongregasyon nan Sid Philadelphia ale jiska Vermont. Stephen fè ansèyman tou nan Eastern Mennonite Unversty nan Lancaster epi li te anseye tou nan lòt Kolèj, lòt Seminè ak Seminè nan Pennsylvania. Ou ka li pwofil Stephen la a.
Close

Jaye Lindo


jlindo@mosaicmennonites.org

Jaye Lindo


Close

Stacey Mansfield


smansfield@mosaicmennonites.org

Stacey Mansfield


Close

Javier Marquez


jmarquez@mosaicmennonites.org

Javier Marquez


Close

Conrad Martin


ccmartin@mosaicmennonites.org

Conrad Martin

Conrad Martin responsab pou finans konferans lan se li menm ki kontwole tout bagay Konferans lan genyen ak pwopriyete l yo. Anvan l te vinn nan konferans lan, Conrad pase anpil tan nan lòt peyi ap travay avèk Eastern Mennonite Missions ak Mennonite Economic Development nan peyi Tanzania ak Mennonite Central Committee nan peyi Bangladesh. Conrad marye ak madanm li, Josephine depi 2001.Lè Conrad gen yon ti tan lib, li renmen travay nan jaden epi jwe gòlf tou. Pwovèb 3:9 gen anpil enpòtans pou li paske sa antre pi byen nan fason li renmen travay. “Onore Bondye ak tout sa ou genyen; bay Bondye anvan nan sa ou genyen epi ba li sak pi bon an.”( Men mesaj la) Conrad apresye repons li jwenn lèl vizite kongregasyon yo ki nan konferans lan, “mem lè yo aprann mwen travay pou konferans lan,” li di. “Mwen eksite lè wè Konferans lan ap vini avèk entansyon ki bon epi ki fè nou konekte avèk kongregasyon yo.”Ou ka li pwofil Conrad la a.
Close

Brooke Martin


bmartin@mosaicmennonites.org

Brooke Martin

Grandi nan Midwès, Brooke Martin te deplase vi n Pennsylvania aprè li fi n diplome nan Hesston College nan ane 2010 kote li fè yon etid nan Etidye nan Bib la men ki te konsantre nan ministè pou jèn moun. Li te sèvi nan legliz Franconia tanporè kòm lidè ministè pou jèn yo, li fè 4 ane ap fè sa anvan li te vi n travay kòm anplwaye Konferans lan. Li renmen rasanble moun ansanm pou yo ka sipòte youn ak lòt, fè yon rezo, pou yo ka ekipe youn lòt. Brooke abite nan Telford ak mari li ki rele, Nathaniel, epi ak 2 pitit yo gen ansanm. Anpil fwa ou ka jwen li nan bwat sab ap fouye l, ou ka jwen li ap li kèk liv oubyen ap jwe ak jwèt timoun yo. Ou ka li pwofil Brooke la a.
Close

Josh Meyer


jmeyer@mosaicmennonites.org

Josh Meyer


Close

Glenn Nemath


gnemath@mosaicmennonites.org

Glenn Nemath


Close

Emily Ralph Servant


eralphservant@mosaicmennonites.org

Emily Ralph Servant

Emily Ralph Servant te sèvi nan ekip pastè yo nan zòn Swamp ak Indonesia Light Congregations,(kongregasyon limyè) ak nan kongregasyon Sunnyside (Konferans nan Lancaster). Li te sèvi kòm direktè Asosye nan Kominikasyon epi kòm direktè kominikasyon pou konferans mondyal Menonit yo nan PA 2015. Emily gen yon Metriz nan transfòmasyon intèkiltirèl ak PhD nan teologi, avèk konsantrasyon nan Anabatis ak misyon. Gen kèk bagay Emily sonje nan tan li te pase ap travay nan konferans lan se lè te gen moun ki tap jwe misik ki te soti nan lòt kongregasyon, ki te gen lòt kilti, ki pale lòt lang, yo te sèvi ak lòt fason pou yo adore,yo te rasanble ansanm pou yo adore. “Nou aprann inite nan divèsite devlope bon relasyon,” se sa Emily di. “Nou devlope pou n pran swen youn ak lòt, adorasyon nou fè pote transfòmasyon.” Emily abite nan Baltimore avèk mari li, Ryan, ak pitit fi li, Maggie. Ou ka li pwofil Emily la a.
Close

Brendan Sagastume


bsagastume@mosaicmennonites.org

Brendan Sagastume


Close

Danilo Sanchez


dsanchez@mosaicmennonites.org

Danilo Sanchez

Danilo Sanchez abite nan Allentown avèk madanm li Mary avèk 2 pitit fi yo. Li se yon pastè nan Ripple ki ap dirije nan zòn nan devloman jerans, kouman pou vi n disip, ak fason pou anseye. Li te diplome nan Eastern University nan ane 2010 epi li te resevwa yon Metriz nan Divinite nan Eastern Mennonite Seminary nan ane 2013. Li renmen jwe gita, foutbòl, li pase tan ak fanmi l. ka li pwofil Danilo la a.
Close

Noel Santiago


nsantiago@mosaicmennonites.org

Noel Santiago

Noel Santiago travay ak pastè yo nan ekip jerans lan pou ede yo rete dwat nan sa yap fè nan sa yap di ak visyon epi misyon yo genyen. Li travay ak lidè yo nan rezo yo pou l ede yo jwen enpak transfòmasyonèl nan kominote ak nan vwazinaj yo, nan mwayen priyè. Noel ak madanm li, Juanita, te pran nesans nan peyi Puerto Rico, men li grandi nan Pennsylvania. yo te abite pou yon ane nan Costa Rica kòm sipò-lidè nan pwogram SST anba Goshen College. Pou detant li, Noel renmen fè barbeque epi pase tan ak fanmi ak zanmi. Pwomès pou jwenn gid nan men Bondye pou n ka jwenn fòs se nan Ezayi 58:11 gen anpil enpòtans pou li. “Mwen fè eksperyans sa a tan apre tan nan reyalite lavi m”,se sa li di. Noel renmen lè visyon an “klike” avèk lidè kongregasyon yo. Li sonje nan reyinyon ki te gen enpòtans ak yon pastè ak yon ansyen nan yon ekip ki te” kondwi nan yon moman aha,” se sa li di. “Yo rekonèt yon mwayen yo kapab mete yo dwat nan aktivite nan visyon yo genyen.” ka li pwofil Noel la a.
Close

Aldo Siahaan


asiahaan@mosaicmennonites.org

Aldo Siahaan

Aldo Siahaan se yon Ministè ki fè jerans 3 kongregasyon, li asiste legliz yo pou ede yo reyalize visyon yo epi li sèvi kòm yon pon pou konferans lan ak kongregasyon yo. Kounye a li sèvi nan komite kap cheke kalifikasyon yo. Li apresye sa pou l wè konferans lan pi enpòtan pase yon kay- li menm jan avèk yon gwo fanmi, nan tout nasyon an ak nan tout glwob la. Aldo se pastè nan Sant Adorasyon ki nan Philadelphia, yon legliz ki milti-etnik nan pati sid nan vil la. Li soti nan vil Jakarta, Indonesia( Endonezi), epi li marye avèk Viviani Chandra. ka li pwofil Aldo la a.
Close

Jennifer Svetlik


jsvetlik@mosaicmennonites.org

Jennifer Svetlik


Close

Paulus Thalathoti


pthalathoti@mosaicmennonites.org

Paulus Thalathoti


Close

Tim Weaver


tweaver@mosaicmennonites.org

Tim Weaver


Close

Ertell Whigham


ewhigham@mosaicmennonites.org

Ertell Whigham


Close

Jeff Wright


jwright@mosaicmennonites.org

Jeff Wright

Jeff Wright abite nan Riverside,CA li se yon misyològ iben ki te sèvi kòm pastè nan legliz Madison Street Yon Kongregasyon Frè an Kris nan Riverside, epi li te prezidan Via Shalom yon ajans pou resous misyonal ki pa pou pwofi.Via Shalom reponsab yon aktivite lokal, ki gen baz li nan kominote a ki ap fè anpil efò pou devlopman ka fèt nan zòn nan; pou ka gen yon bon objektif sosyal, yon antrepriz komès ki jis, ak yon konsiltasyon ki konsantre sou fason pou kreye yon zòn iben ki pou bay anviwonman an fè yon lòt dekouvèt. Li te diplome ak yo bachelye nan Tabor College, yon Metriz nan Divinite nan Fresno Pacific Biblical Seminary, ak MBA nan Administrasyon legliz nan Graduate Theological Foundation ak yon Post-Graduate Diploma nan Teoloji Aplike nan Spurgeon College nan London. Li marye ak Debbie, Jeff gen 2 pitit ki gen tan gran. Li gen 5 pitit pitit gason, ak yon chen, li renmen kouri bisiklèt, li renmen tout sa li jwenn, li se yon fanatic LA Dodgers. Ou ka li pwofil Jeff la a.
Close

Margaret Zook


mzook@mosaicmennonites.org

Margaret Zook


Close

This post is also available in: 繁體中文 (Chinwa) English (Anglè) Việt Nam (Vietnamiz) Español (Espayol) Indonesia (Indonezyen)

Primary Sidebar

  • Akèy
  • Enfòmasyon nou
    • Istwa nou
    • Vizyon & Misyon
    • Anplwaye
    • Komisyon Konsèy yo ak Komite yo
    • Legliz ak Anyè Ministè
    • Bay
    • Lyen Menonit yo
  • Medya
    • Atik yo
    • Lèt pou bay nouvèl
    • Videyo
    • Odyo
  • Resous
    • Misyonèl
    • Entèkiltirèl
    • Fòmèl
    • Jerans
    • Sekirite Legliz la
  • Evènman yo
    • Asanble konferans lan
    • Kalandriye Konferans lan
  • Enstiti Mozayik
  • Kontakte nou

Footer

  • Home
  • Kontakte nou
  • Asanble konferans lan
  • Vizyon & Misyon
  • Istwa nou
  • Fòmèl
  • Entèkiltirèl
  • Misyonèl
  • Enstiti Mozayik
  • Bay
  • Jerans
  • Sekirite Legliz la
  • Atik yo

Copyright © 2025 Mosaic Mennonite Conference | Privacy Policy | Terms of Use