Pou frè ak sè nan Konferans Mennonit Mosaic,
Antanke Konferans Mosaic, nou se yon kominote ki fòme pa mouvman migrasyon, depi nan kòmansman nou nan epòk kolonyal la jouk jounen jodi a. Nou sonje istwa migrasyon ak deplasman nou yo ansanm ak apèl biblik la pou pran swen pwochen nou ak etranje a. Nou rekonèt pawòl Moyiz yo: “Nou menm tou, nou te etranje an Ejip.”
Anpil nan mitan nou ap viv ak laperèz kounye a. Kèk lidè, manm, ak vwazen nou k’ap fè fas chak jou ak ensètitid konsènan sekirite yo, fanmi yo, ak lavni yo. Gen lòt ankò k’ap soutni moun ki pè, pandan y’ap chèche kenbe pwòp kè yo anpè. Bondye nan mizèrikòd li pwoche bò kote tout moun ki gen kè sote, ki nan lapenn, e ki santi yo fatige.
Anpil manm nan kominote nou yo deja arete oswa depòte. Gen kèk manm ak lidè Mosaic ki deja fè oto-depòtasyon, oswa ki gen plan pou fè sa, olye pou yo fè fas ak ensètitid sa ak vyolans ki akonpaye aplikasyon lwa imigrasyon aktyèl yo.
Anpil nan nou ki ap viv nan peyi sa a depi plizyè jenerasyon, nou se desandan imigran ki pat ranpli kondisyon legal gouvènman lè yo te rive. Nou sonje konpleksite istwa sa yo, epi nou chèche reponn nan epòk pa nou an ak entegrite ak favè.
Nou pote lapenn pou tout lavi moun ki pèdi nan entèvansyon ICE, pami yo omwen uit (8) moun depi kòmansman ane 2026. Nou kenbe nan lapriyè tou moun ki nan detansyon, moun k’ap reflechi pou kite peyi a, ak tout moun k’ap akonpaye moun yo renmen nan desizyon ki prèske enposib pou pran.
Antanke lidè legliz ak lidè kominotè, nou konnen souvan nou pote chay pastoral ki lou. Nou pa pou kont nou nan moman sa a. Kris prezan avèk nou, epi nou angaje nou pou mache ansanm kòm yon konferans.
Pandan n’ap respekte otorite sivil gouvènman an epi n’ap chèche viv anpè, nou kwè apèl Jezi fè pou pran swen pwochen nou pa mande yon verifikasyon estati. Antanke disip Prens Lapè a, nou rejte vyolans ak dezimanizasyon sou tout fòm. Nou rekonèt ke obeyisans nou anvè Kris la ka pafwa antre an konfli ak demann gouvènman an. Nou kwè Bondye rele nou pou konfese ke Jezi se Seyè, sa ki vle di Seza pa Seyè.
Nou rekonèt vag represyon aktyèl sa a fè nou sonje lòt epòk laperèz ak kontwòl: depi patwouy k’ap chase esklav ki te teworize kominote Nwa Ameriken yo, rive nan reyaksyon anti-imigran ki te frape lòt vag nouvo arive ki te refòme idantite Etazini an.
Nou pran angajman pou kontinye sipòte kominote imigran ki fèk rive yo nan Mosaic pandan n’ap lite ansanm pandan moman sa a. Nou pran angajman pou viv ak konsyans, pou onore diyite tout moun, kèlkeswa sitiyasyon ak estati legal yo. Nou pral kontinye di laverite sou domaj istorik ak aktyèl ki fèt kont kominote Nwa, kominote Latino/Ispanik, ak Endijèn yo, paske di laverite se yon pati nan angajman nou pou travay rekonsilyasyon an.
Dènyeman Showalter Foundation te bay yon sibvansyon pou ede bay resous ak kongregasyon k’ap jere kesyon ki gen rapò ak imigrasyon. Tanpri kontakte immigration@MosaicMennonites.org pou nou ka reflechi ansanm kijan pou nou pi byen ofri swen ak sipò.
Antanke Konferans Mosaic, nou angaje nou pou vin tankou Jezi, pou renmen tankou Jezi, epi pou viv tankou Jezi nan mond nou an ki brize men ki bèl. Nou envite nou pou rete nan lapriyè pandan n’ap chèche ansanm reponn kesyon pwofèt Miche a: “Kisa Senyè a mande nou, si se pa pou nou pratike jistis, renmen mizèrikòd, epi mache ak imilite devan Bondye nou an?”
Stephen Kriss, Minis Egzekitif
Marta Castillo, Minis Egzekitif Asosye
Roy Williams, Moderatè Konferans
Janet Panning, Asistan Moderatè
Sipòte nouvo kominote imigran atravè Mosaic pa èd mityèl atravè Fon Shalom.
